
N ap sipòte 3 sapè ponpye ki sot boule grav yo
Donation protected

Nou òganize leve fon sa pou nou sipòte ajan ponpye yo ki te viktim pandan yon kamyon gaz te pran dife jou ki te 30 avril 2020 an sou Wout 9 la. Nan aksidan sa, te gen yon ajan ki te rele Sergo Joseph ki mouri ki kite madanm ak yon timoun 5 kan.
Hismervil Boaz ak Jaques Ronald se 2 lòt sapè ponpye ki te boule grav nan aksidan sa, jiskaprezan yo paka itil tèt yo anyen. Yo deklare yo gen plis pase 10 an depi y ap travay pou leta ayiti, se menm leta sa ki ba yo do nan moman trajik sa. Pou yo peye lopital k ap ba yo swen yo merite, se eskont yo oblije pran. Gouvènman an pa dekese 5 kòb pou viktim yo ak fanmi yo.
Tout moun konnen ayisyen se yon pèp ki solidè, an nou pote kole pou nous sove lavi 2 sapè ponpye sa yo epi pou nou soutni fanmi ajan ki mouri a. Fè yon jès lanmou, bay saw kapab!
Organizer and beneficiary
Nesly Valcourt
Organizer
Franciyou Germain
Beneficiary